Selebre ak Fanmi/Celebrating with Families

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Tout moun fè pati yon fanmi. Fanmi travay, pataje, e selebre ansanm. Fanmi renmen fè fèt e selebre tan espesyal ansanm.
Everyone is part of a family. Families work, share, and celebrate together. Families like to have parties and celebrate special times with each other.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan fanmi w selebre tan espesyal?
How does your family celebrate with each other?

Amizman Lakay
Fun at Home

Desine pòtre ou menm ak fanmi w k’ap selebre ansanm/ Dekri jou espesyal ke n’ap selebre a.
Draw a picture of you and your family celebrating together. Describe the special day you are celebrating.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Travay / Work

Esplike li / Explain It:
Travay se yon djòb oswa yon tach ki oblije fèt nan kay la. Ti gason sa ap travay, sètadi l’ap ede papa li ak lesiv.
Work is a job or chore that needs to be done around the house. This boy is working or helping his dad with the laundry.

Pale de li / Talk About It:
Ki travay ou menm ak fanmi w fè lakay ou?
What work do you and your family do at your house?


Di li / Say It:
Pataje / Share

Esplike li / Explain It:
Pataje se lè w kite yon moun pran oubyen sèvi ak yon bagay ki pou ou. Mwen pataje kreyon koulè m ak sè m pou nou ka desine pòtre ansanm.
Share is to let someone else have or use a part of something that belongs to you. I share my crayons with my sister so we can draw pictures together.

Pale de li / Talk About It:
Kijan pataje montre fanmi w ke w renmen yo?
How does sharing show your family that you care about them?


Di li / Say It:
Selebre / Celebrate

Esplike li / Explain It:
Selebre se onore yon bagay oubyen bay kado pou montre ke li espesyal. 
Celebrate is to honor something or make it special by giving gifts or having a party.

Pale de li / Talk About It:
Kijan fanmi w selebri ansanm?
How does your family celebrate with each other?