Sezon Prentan/Spring Season

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lè prentan, gen farinay lapli ki ede plant grandi.
Spring brings rain showers that help plants to grow.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa plant bezwen lapli pou yo grandi? Si pat gen ase lapli lè prentan, kijan ou t’ap ka ede plant yo grandi?
Why do plants need rain to grow? If there weren’t enough rain showers in the spring, how could you help the plants to grow?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Mache ozalantou katye w. Chache siy prentan, siy ki montre ke plant yo ap grandi. Lè w rive lakay, fè desen mache ou te fè a. Ki siy prentan ou te wè?
Take a walk around your neighborhood and look for signs of spring and plants growing. When you get home, draw a picture of your spring walk. What signs of spring did you see?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Plant (n) / Plant

Esplike li / Explain It:
Yon plant se yon bagay vivan ki gen fèy epi ki gen rasin ki anjeneral grandi nan tè a. Mwen kiltive plizyè kalite plant nan jaden mwen.
A plant is a living thing that has leaves and has roots that usually grow in the ground. I grow many types of plants in my garden.

Pale de li / Talk About It:
Dekri plant yo.
Describe the plants.


Di li / Say It:
Grandi / Grow

Esplike li / Explain It:
Grandi se vin pi gwo oubyen pi wo. Pwa sa yo ap grandi pi wo.
To grow is to become bigger or taller. These bean plants are growing taller.

Pale de li / Talk About It:
Kijan nou konnen pwa yo ap grandi?
How can we tell the beans are growing?


Di li / Say It:
Farinay lapli / Rain Showers

Esplike li / Explain It:
Yon farinay lapli se lapli ki dire yon ti tan. Farinay lapli prentan an te sèlman dire kèlke minit, men li te bay flè yo yon bon kou dlo.
A rain shower is rain that only lasts for a short period of time. The spring rain shower only lasted a few minutes, but gave the flowers a good drink of water.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou bezwen farinay lapli lè prentan?
Why do we need rain showers in spring?