Dòmi Lè Livè / Hibernation

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Dòmi (pandan sezon livè) se lè kèk zannimo fè yon dòmi ki long tan diran sezon fredi a.
Hibernation is when some animals take a long sleep in the winter.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite bagay zannimo fè pou yo prepare yo pou dòmi? 
What kinds of things do animals do to get ready for winter sleeping/hibernation?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Mache ozalantou pak la epi chache zannimo k’ap prepare you pou sezon livè (i.e ekirèy k’ap ranmase nwa).
Walk around the park and look for animals getting ready for winter. (i.e. squirrels collecting nuts.)

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

cave
Di li / Say It:
Kav / Cave

Esplike li / Explain It:
Yon kav se yon gwo tou nan yon wòch oubyen anba tè. Genyen kèk zannimo ki dòmi nan kav pandan sezon livè.
A cave is a large hole in rock or under the earth. Some animals hibernate/sleep in caves in the winter.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou t’ap santi w si ta gen pou w dòmi nan yon kav?
How would you feel about sleeping in a cave?

page3image45080288
Di li / Say It:
Tou bèt / Burrow

Esplike li / Explain It:
Yon tou bèt se yon tou oubyen yon tinèl ke kèlke bèt fouye pou yo kapab kache oubyen viv.
Burrow is a hole or tunnel dug by certain animals for use as a hiding place or home.

Pale de li / Talk About It:
Ki zannimo ki fè tou pou yo dòmi?

What animals burrow to sleep?

Related image
Di li / Say It:
Dòmi (pandan sezon livè) / Hibernate

Esplike li / Explain It:
Dòmi (pandan sezon livè) vle di dòmi nan yon kav pandan sezon fredi a, ouswa fouye tè pou konsève enèji. Lous, krapo, moufèt, ak koksinèl pami bèt ki dòmi pandan sezon livè.
Hibernate is to sleep through the winter in a cave or burrow to save energy. Bears, frogs, skunks, and ladybugs are a few animals that hibernate in the winter.

Pale de li / Talk About It:
Ki zannimo nou konnen ki dòmi pandan sezon livè?
What animals do we know that hibernate?