Fè Egzèsis Pou Mentni Fòs/Exercising to stay strong

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Egzèsis ede zo nou ak mis nou rete djanm.
Exercise helps our bones and muscles to be strong.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa nou konnen de fè egzèsis? Ki kalite egzèsis nou ka fè lakay oubyen nan lakou rekreyason?
What do we know about exercising? What are some exercises we can do at home or on the playground?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Mache oubyen twotine nan katye w. Dekri kijan egzèsis ede kò nou.
Take a walk or jog around your neighborhood. Describe how exercising helps our bodies.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Egzèsis / Exercise

Esplike li / Esplike li:
Egzèsis se fè mouvman ak kò w pou w vin djanm. Kouri ak naje se bon jan pou fè egzèsis.
Exercise is to move parts of your body to become strong and healthy. Running and swimming are good ways to exercise.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite egzèsis ou pi renmen fè?
What is your favorite type of exercise?


Di li / Say It:
Zo / Bone

Esplike li / Explain It:
Zo se pati di ki andan kò yon moun. Zo nou bay kò nou fòm e yo pwoteje nou.
Bones are the hard parts inside a person’s body. Our bones give our bodies shape and protect us.

Pale de li / Talk About It:
Kisa zo nou fè?
What do our bones do?


Di li / Say It:
Mis / Muscles

Esplike li / Explain It:
Mis se moso vyann mou nan kò nou ki fè zo nou bouje.
Muscles are the soft pieces of flesh in our bodies that make our bones move.

Pale de li / Talk About It:
Kijan jwe spò kapab ede mis nou?
How does playing a sport help our muscles?