Rete Pwòp/Keeping Clean

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Bon abitid ede nou pran swen kò nou.
Healthy habits help us to take care of our bodies.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kenbe kò nou an sante se yon bon abitid. Kijan nou kenbe kò nou ak po nou pwòp?
Keeping our bodies clean is a healthy habit. How do we keep our bodies and skin clean? Why don’t we want germs on our bodies?

Amizman Lakay
Fun at Home

Ankouraje pitit ou sèvi ak lavabo a pou yo netwaye jwèt yo. Pale sou kijan yo dwe netwaye jwèt. Pale sou poukisa li enpòtan pou jwèt yo rete pwòp, san ke yo pa gen jèm.
Encourage your child to use the kitchen or bathroom sink to clean their toys. Discuss how to clean the toys and why it is important to keep toys clean and germ free.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
An sante / Healthy

Esplike li / Explain It:
An sante se lè ou pa gen maladi. Nou kenbe kò nou an sante lè nou manje bon manje, fè egzèsis, kenbe kò nou pwòp, ak lè nou pwan bon repo.
Healthy is to be free from illness. We keep our bodies healthy by eating good foods, exercising, keeping clean, and getting lots of rest.

Pale de li / Talk About It:
Kijan nou ka rete an sante lè nou lekòl?
How can we stay healthy at school?


Di li / Say It:
Jèm / Germs

Esplike li / Explain It:
Jèm se ti mikwòb piti ki ka fè nou malad. Nou ka sèlman wè jèm anba yon mikwoskòp.
Germs are very, very small living things that can make us sick. We can only see germs under a microscope.

Pale de li / Talk About It:
Kijan nou kapab debarase nou de jèm?
How can we get rid of germs?


Di li / Say It:
Dan / Teeth

Esplike li / Explain It:
Dan se bagay di e blan nan bouch nou ki ede nou mastike manje. Bwose dan se yon bon abitid.
Teeth are the hard, white objects in rows in the mouth that help us to chew food. Brushing your teeth is a healthy habit.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou netwaye dan ou?
How do you clean your teeth?