Haitian Creole / Using My 5 Senses in Fall

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Nou sèvi ak senk sans nou pou nou aprann de lotòn.
We use our five senses to learn about fall.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan sans nou ede nou aprann de chanjman ki fèt lè lotòn?
How do our senses help us to learn about the changes in fall/autumn?

Amizman Lakay
Fun at Home

Matche senk sans ou yo ak pati kò w ki ede w itilize yo.
Match your five senses to the body parts that help us to use each sense.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

page2image2561520
Di li / Say It:
Vizyon / Sight

Esplike li / Explain It:
Vizyon se abilite pou wè yon bagay avèk je w. Ti gason sa a itilize sans vizyon li pou li wè yon papiyon.
Sight is the ability to see something with your eyes. The boy is using his sense of sight to see a butterfly.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou bezwen sans vizyon nou?
Why do we need our sense of sight?

page3image2577488
Di li / Say It:
Tande / Hear

Esplike li / Explain It:
Tande se abilite pou koute son avèk zòrèy ou. Tifi sa a ka tande mizik lè li mete ekoutè sa yo.
To hear is the ability to listen to sounds with your ears. This little girl can hear music when she wears these headphones.

Pale de li / Talk About It:
Ki son ou panse tifi a ka tande?
What sounds do you think the girl can hear?

page4image2346240
Di li / Say It:
Santi / Smell

Esplike li / Explain It:
Santi se abilite pou pran sant yon bagay avèk nen ou. Ti gason sa a ap santi yon flè avèk nen li.
Smell is the ability to sense something with your nose. This boy is smelling a flower with his nose.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa ti gason an mete nen li pre flè a?
Why does the boy have his nose near the flower?