Aprann Bagay Nouvo/Learning New Things

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Pwofesè ede nou aprann e yo ede nou itilize bagay ki nan sal klas nou.
Teachers help us to learn about and use things in our classroom.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa nou bezwen mete yon blouz lè nou ap sèvi nan tab dlo a? Ki lòt kote li enpòtan pou nou mete yon blouz?
Why do we need to wear a smock at the water table? Where else do we need to wear a smock?

Anviwon Vil La
Fun at Home

Gade nan valiz lekòl pitit ou. Pale de sa ou jwenn ladan l e dekri yo. Kijan bagay sa yo ede pitit ou lè yo nan kindègadenn?
Take a look at your child’s backpack. Talk about and describe the things you find. How do these things help your child in preschool?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Valiz lekòl / Backpack

Esplike li / Explain It:
Yon valiz lekòl se yon valiz ki pote nan do, kote ou ka pote afè ou.
A backpack is a bag used to carry objects on one’s back.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou genyen valiz lekòl? Kisa ki andedan valiz lekòl ou?
Why do we have backpacks? What’s inside your backpack?


Di li / Say It:
Blouz / Smock

Esplike li / Explain It:
Yon blouz se yon rad lach ke ou mete sou rad ou pou yo pa sal.
A smock is a loose piece of clothing you wear over your clothes so they don’t get dirty.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou bezwen mete yon blouz lè n’ap pentire?
Why do we need to wear a smock when we paint?


Di li / Say It:
Tapi / Rug

Esplike li / Explain It:
Yon tapi se yon materyèl epè ki itilize pou kouvri pati atè kote li ye a. 
A rug is a thick material that is used to cover part of the floor.

Pale de li / Talk About It:
Kijan nou chita sou tapi a lè n’ap koute yon istwa?
How do we sit on the rug at storytime?