Flè/Flowers

Kisa N’ap Aprann  Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen plant ki fè flè.
Some plants grow flowers.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Di m kèlke bagay ke w konnen de flè.
Tell me some things you know about flowers.

Anviwon Vil La
Out on the Town

Lè w’ap mache oubyen kondwi nan kominote w, ede timoun ou chache flè. Gade byen pou w wè si w ka idantifye tij la, boujon yo, flè k’ap grandi sou plant yo, ak petal yo.
When you are walking or driving around your community, help your child look for flowers. Take a close look and see if you can find the stem, as well as buds, blossoms, and petals.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Flè / Blossom

Esplike li / Explain It:
Yon flè se pati yon plant ki pwodwi grenn oubyen fwi. Flè ka plizyè diferan koulè.
A blossom is the flower of a plant. Blossoms are often colorful.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa sitèlman gen anpil flè sou pye bwa?
Why are there so many blossoms on trees?


Di li / Say It:
Jaden pye fwi / Orchard

Esplike li / Explain It:
Yon jaden pye fwi se yon moso tè kote kiltivatè yo plante pyebwa ki donnen fwi. Lè prentan, pye pòm fè flè blanch. 
An orchard is a piece of land where farmers plant fruit trees. In the spring, the apple trees have white flowers called blossoms.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa pye bwa yo nan jaden pye fwi a oblije fè flè?
Why do the trees in the orchard need to grow blossoms?


Di li / Say It:
Petal / Petal

Esplike li / Explain It:
Yon petal se youn nan fèy separe ki fòme nan pati deyo tèt flè a. Petal anjeneral yon koulè diferan de lòt fèy plant la. 
A petal is one of the separate leaves that form the outer part of a flower head. Petals are usually a different color from the plant’s other leaves.

Pale de li / Talk About It:
Kijan petal diferan de flè?
How are petals different from blossoms?