Ede Bebe/Helping Babies

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen anpil jan pou ede bebe pandan y’ap grandi.
There are lots of ways to help babies as they are growing.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite bagay bebe fè anvan yo aprann mache?
What kinds of things do babies do before they learn to walk?

Amizman Lakay
Fun at Home

Rankonte timoun ou yon istwa de lè yo te yon bebe. Kisa yo te renmen fè? Ki kote yo te dòmi? Ki lè yo te aprann rale sou pye, e ki kote yo te rennmen ale? Kisa ki te fè yo kontan, ki sa ki te fè yo tris? Pataje foto oubyen videyo ak timoun ou de lè yo te bebe.
Tell your child a story about when they were a baby. What did they like to do? Where did they sleep? When did they learn to crawl, and where did they like to go? What made them happy and what made them sad? Share baby photos or videos with your child.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Bebe / Baby

Esplike li / Explain It:
Yon bebe se yon timoun ki jèn anpil.
A baby is a very young child.

Pal de li / Talk About It:
Kijan fanmi pran swen bebe yo?
How do families take care of babies?


Di li / Say It:
Chèz bebe / High Chair

Esplike li / Explain It:
Yon chèz bebe se yon chèz piti ki gen pye long ak yon kabare sou li pou bay yon ti bebe oswa yon timoun piti manje.
A high chair is a small chair with long legs, that has a tray for feeding a baby or small child.

Pal de li / Talk About It:
Kijan yon chèz bebe ede yon bebe lè pou l manje?
How does a high chair help a baby during mealtime?


Di li / Say It:
Bèso / Cradle

Esplike li / Explain It:
Yon bèso se yon kabann pou yon ti bebe ki ka souke de bò a bò.
A cradle is a baby’s bed that can rock from side to side.

Pal de li / Talk About It:
Èske w t’ap renmen dòmi nan yon bèso? Si w reponn “wi,” poukisa? Si w reponn “non,” pouskia?
Would you like to sleep in a cradle?  Why or why not?