Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?
Lè livè, fòk nou mete plis rad pou nou kenbe kò nou cho.
In the winter, we need to wear extra clothing to stay warm.
Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions
Ki rad ou mete lè li kòmanse fè frèt deyò a?
What clothes do you wear when it becomes cold outside?
Anviwon Vil La
Out on the Town
Lè w’ap mache nan pak la, jwe yon ti jwèt: konte konbye moun ou wè ki mete chapo, mitèn, ak mouchwa nan kou yo.
When you are taking a walk in the park, make a game of counting how many people you see wearing hats, mittens, and scarves.
Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week
Di li / Say It:
Bòt / Boots
Esplike li / Explain It:
Bòt se yon kalite soulye ki kouvri pye w avèk pati anba janm ou; nòmalman, li sèvi lè gen lapli oubyen nèj.
Boots are a type of shoe that covers your foot and lower part of your leg, used mostly in rain or snow.
Pale de li / Talk About It:
Kijan bòt ka itil lè gen lapli oubyen nèj?
How can boots help when it is raining or snowing?
Di li / Say It:
Mitèn / Mittens
Esplike li / Explain It:
Mitèn se yon kalite rad pou men ki gen de pati –– youn pou dwèt pous la avèk youn pou lòt kat dwèt yo.
Mittens are a kind of clothing for the hand that has two parts – one for the thumb and one for all four fingers.
Pale de li / Talk About It:
Ki diferans ki genyen antre mitèn ak gan?
How are mittens different from gloves?
Di li / Say It:
Mouchwa / Scarf
Esplike li / Explain It:
Yon mouchwa se yon moso twal long ke w kapab mete nan kou, sou tèt, oubyen sou zepòl.
A scarf is a long piece of cloth worn around the neck, head, or shoulders.
Pale de li / Talk About It:
Poukisa w mete yon mouchwa nan kou w lè livè?
Why do you wear a scarf around your neck in winter?