Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?
Nan kèk kote, sezon lotòn pote anpil chanjman.
In some places, the season of fall brings lots of changes.
Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions
Kisa ki pase fèy yo ki sou pye bwa yo lè lotòn?
What happens to the leaves on the trees in the fall?
Anviwon Vil La
Out on the Town
Fè yon ti mache ozalantou katye w, oubyen vizite yon pak pou w ka wè kijan pye bwa yo chanje lè lotòn.
Take a walk around your neighborhood or to a park so you can see how the trees are changing in the fall.
Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week
Di li / Say It:
Lotòn / Fall
Esplike li / Explain It:
Lotòn se sezon apre ete lè tè a kòmanse prepare pou livè. Nan plizyè kote, fèy ki sou pye bwa chanje koulè e yo sot tonbe nan pyè bwa yo lè lotòn.
Fall is the time of year after summer when the earth gets ready for winter. Fall is often called autumn. In many places, the leaves on trees change color and fall off the trees in autumn/fall.
Pale de li / Talk About It:
Kijan ou fè konnen lè lotòn rive?
How do you know when fall has arrived?
Di li / Say It:
Fèy / Leaf
Esplike li / Explain It:
Yon fèy nòmalman vèt e plat e li grandi sot nan tij yon branch nan yon pye pwa. Fèy la bay plant lan oubyen pye bwa a manje ak lè pou yo ka ansante. Lè lotòn, fèy chanje koulè, e yo sòti tonbe nan pye bwa yo.
A leaf is usually green and flat and grows from the stem of a branch on a tree. Leaves give the plant or tree food and air to make them healthy. In fall, leaves change colors and fall from the trees.
Pale de li / Talk About It:
Kisa ki rive fèy yo lè lotòn?
What happens to leaves in the fall?
Di li / Say It:
Ekirèy / Squirrel
Esplike li / Explain It:
Yon ekirèy se yon ti zannimo ki gen yon ke founi; li eskalade pye bwa e li chache nwa pou l manje.
A squirrel is a small animal with a bushy tail that climbs trees and looks for nuts.
Pale de li / Talk About It:
Ki kote w wè yon ekirèy deja?
Where have you seen a squirrel?